Kijan mwen evite COVID-19 epi kijan pou mwen prepare pou li?

Sante piblik se responsabilite tout moun. Pi bon fason pou evite maladi se pratike yon seri mezi ki fè prèv yo e ki vrè pou diminye risk yo nan domèn sante piblik, sa gen ladan l:

 

Pran vaksen an

Pran vaksen kont COVID-19 ak lòt maladi ou ka evite kapab pwoteje w pou pa riske malad grav, etène lopital epi mouri.

Pale ak founisè swen sante w konsènan kalite opsyon w genyen pou pran vaksen.

 

Kouvri bouch ou lè w ap touse oswa lè w ap etènye

COVID-19 gaye lè yon moun ki enfekte respire oswa touse, li voye ti gout ki soti nan respirasyon l ki gen patikil viris la. Lòt moun kapab respire oswa antre an kontak avèk ti gout sa yo epi vin enfekte.

Avèk metòd transmisyon sa, li enpòtan pou kouvri touse ak etènye ki kapab transmèt viris la sou yon distans ki long. Kouvri touse ak etènye avèk yon mouchwa, jete mouchwa ki fin sèvi nan fatra epi sèvi ak manch rad ou oswa anndan koud ou lè pa gen yon mouchwa.

Bon ijyèn respiratwa kapab pwoteje moun ki toutotou w kont maladi moun ka pran nan lè a tankou COVID-19, grip ak rim.

 

Amelyore fason lè a ap degage (Vantilasyon)

COVID-19 se yon maladi moun pran nan lè a ki gaye lè yon moun ki an sante antre an kontak avèk ti gout respiratwa yon moun ki enfekte. Amelyore vantilasyon (jan lè a ap sikile) kapab ralanti COVID-19 pou l pa gaye lè w anpeche patikil viris yo vin fè pil nan kay ou.

Itilize metòd sa yo pou amelyore vantilasyon an epi netwaye patikil viris yo:

  • Kite lè fre antre lakay ou lè w ouvè fenèt ak pòt yo – fè atansyon ak risk tankou prezans timoun piti yo, polisyon deyò a ak alèjèn.
  • Filtre lè ki lakay ou.
    • Mete vantilatè HVAC a sou bouton ouvè olye de otomatik.
    • Itilize filtè plise ki byen adapte olye de filtè pou fou yo.
    • Chanje filtè w chak twa mwa oswa selon entriksyon moun ki fè l la bay.
    • Fè enspekte sistèm vantilasyon w lan chak ane.
    • Pou plis pwoteksyon, itilize yon netwayan lè ou ka pote ki gen patikil trè efikas pou netwaye lè ki gen yon nivo pou bay lè pwòp ki egal oswa siperyè ak pye kare espas kote yo pral sèvi avèl.
  • Itilize vantilatè ki nan douch ak nan kizin ou pou amelyore fason lè a ap degaje epi anpeche patikil viris yo anpile yon sèl kote.
  • Sèvi ak vantilatè ki kanpe ak nan plafon kay pou amelyore jan lè a ap sikile – lè yo itilize l toupre yon fenèt ki ouvri, vantilatè yo kapab ede mete patikil viris yo dèyò anndan lakay ou.

 

Etap adisyonèl

Asire w ou lave men w aprè w fin touse oswa etènye, ak avan epi aprè w fin vizite moun malad. Men w ka touche kote ki te enfekte epi vin kontamine avèk bakteri ki lakoz maladi.

Evite manyen je w, nen w, ak bouch ou. Etid yo montre ke, an mwayèn, moun ka manyen nenpòt kote nan figi yo ant 15 jiska 23 fwa nan yon èdtan (Kwok, Gralton, epi McLaws, 2015) (Nicas epi Best, 2008). Pandan yon jounen, men yo manyen anpil kote e yo kapab ranmase viris yo. Depi yo fin kontamine, men yo ka transfere viris yo nan je w, nen w oubyen bouch ou.

Genbe yon anviwònman ki pwòp lè w netwaye epi dezenfekte kote moun plis manyen, sa gen ladan tab, manch pòt, kontwa, manch ak telefòn lè w sèvi ak yon pwodui netwayaj kay ki gen savon oswa detèjan ladan. Pou dezenfekte kay ou aprè w fin antre an kontak ak yon moun ki gen COVID-19, itilize yon dezenfektan ki soti nan lis EPA N lan oswa ki gen klorox.

Aprann plis bagay pou evite pran KOVID-19 la, la.

Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:

  • Lafyèv
  • Tous
  • Difikilte pou respire

Li kichòy sou sentòmCOVID-19.

Florid gen anpil sit k ap bay vaksen gratis COVID-19.

Florida gen anpil sit k ap bay vaksen gratis COVID-19.