Kesyon Moun Poze Souvan

Enfomasyon sou COVID-19

Moun ki gen pwoblèm sante kwonik oswa pwoblèm sante kache se moun ki pi fasil pou vin malad anpil avèk COVID-19. Moun ki gen youn oswa plis pwoblèm medikal sa yo ta dwe pran plis prekosyon:

  • Opresyon modere ak opresyon sevè oswa maladi poumon kwonik
  • Maladi kè
  • Maladi ren kwonik epi ki nan dyaliz
  • Dyabèt
  • Maladi fwa
  • Maladi oto-iminitè
  • Sistèm defans ki fèb akòz fimen, grèf mwèl zo oswa grèf ògàn, tretman kansè, VIH oswa SIDA ki pa byen kontwole, oswa itilizasyon pwolonje kòtikostewoyid ak lòt medikaman ki fè sistèm defans lan vin fèb.
  • Obezite sevè

Gade enfòmasyon yo sou COVID-19 epi sou pwoblèm medikal kwonik ak pwoblèm medikal kache.

COVID-19 se yon maladi respiratwa ki te koze pa SARS-CoV-2, yon coronavirus dekouvri nan 2019. Viris la gaye sitou de moun a moun atravè ti gout respiratwa ak ti patikil ki pwodui lè yon moun ki enfekte touse, etènye oswa pale.

Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:

  • Lafyèv
  • Tous
  • Difikilte pou respire

Li kichòy sou sentòmCOVID-19.

Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini(U.S. Environmental Protection Agency, EPA)te pibliye yon lis pwodui dezenfektan ki anrejistre nan EPA ki kalifye pou itilize kont SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris ki lakòz COVID-19. Ou kapab jwenn lis pwodui dezenfektan yo sou sitwèb https://www.epa.gov/pesticide-registration/list-n-disinfectants-use-against-sars-cov-2.

Le moun ekpoze nan COVID-19 ak fason pou fe tes

Rele doktè ou oswa Depatman Sante Konte ou si ou panse ou te ekspoze nan COVID-19, si ou gen sentòm epi si ou bezwen teste. Y ap deside si ou bezwen teste, y ap di ou kote pou ale, epitou y ap konekte ou avèk resous lokal yo pou moun ki gen mobilite limite.

Tan ant lè ou te ekspoze nan viris COVID-19 ak kòmansman sentòm rele peryòd enkibasyon.” Anjeneral Peryòd enkibasyon pou COVID-19 se 2 a 14 jou, menmsi li ka pran plis tan nan kèk ka.

Si w enkyè paske w santi w te ekspoze ak viris la ak eta sante w, al fè tès pou KOVID-19 la nan yon lokal yo fè tès ki toupre lakay ou.

Lot enkyetied pou sween sante

Wi, ou ta dwe kontakte pwofesyonèl swen sante ou tankou ou ta fè nenpòt lòt moman. Ou pa ta dwe kite tan pase pou chèche swen medikal si ou gen enkyetid sou sante ou, men rele pwofesyonèl swen sante ou anvan ou ale nan klinik li.

Si nou gen enkyetid konsènan vizit nan klinik doktè ou, poze kesyon sou sèvis telehealth yo ka ofri. Klinik doktè ou ka poze ou kesyon sou tès depistaj, limite kantite moun ki kapab vini nan klinik la nenpòt lè, epi li ka entwodui lòt pwosesis pou kenbe ou an sekirite.

Treatment Options

Pfizer’s Paxlovid ak Merck’s Molnupiravir, se konprime kont viris (tretman w ap pran nan bouch) ki otorize pou moun ki gen sentòm COVID-19 leje oubyen mwayen. Tretman kont viris sa yo disponib sèlman avèk preskripsyon e yo ta dwe kòmanse yo osito ke posib aprè yo fin dekouvri COVID-19 la, e senk jou aprè sentòm yo parèt. Moun ki kalifye yo dwe kontakte founisè swen sante yo pou ka konnen si opsyon tretman sa bon pou yo.