Òganizatè Evènman Kominotè yo

Enstriksyon pwovizwa sa yo la pou òganizatè ak ekip ki responsab pou planifikasyon rasanbleman an mas moun oswa gwo evènman kominotè yo nan Etazini. Yon rasanbleman an mas moun se yon evènman planifye oswa ki fèt sanzatann avèk yon gwo kantite moun ki prezan ki kapab epuize resous pou planifikasyon an ak repons kominote ki òganize evènman an, tankou konsè, festival, konferans, sèvis adorasyon ak evènman espòtif. Ou kapab jwenn enstriksyon ki espesyal pou anviwònman lekòl ak gadri, enstitisyon edikasyon siperyè, ak òganizasyon kominotè ak òganizasyon relijye sou sitwèb CDC ki konsantre sou prevansyon transmisyon COVID-19 nan kominote yo.

COVID-19 se yon nouvo maladi re4spiratwa epi gen plis enfòmasyon pou aprann sou transmisyon li, pwosesis klinik li, ak popilasyon ki pi arisk pou gen maladi a ak konplikasyon (gade  Fason COVID-19Transmèt). Tout moun kapab bay patisipasyon yo pou ede planifye, prepare, ak bay repons pou nouvo menas piblik sa a pou sante moun.

Pandan epidemiCOVID-19 ap evolye, CDC ankouraje òganizatè evènman yo toutbon ak ekip yo pou prepare pou posiblite deklanchman nan kominote yo. Kreyasyon yon plan ijans pou rasanbleman an mas kapab ede pwoteje ou ak sante patisipan yo ki nan evènman an ak kominote lokal la.

CDC te devlope aksyon ki rekòmande yo pou evite transmisyon COVID-19nan rasanbleman an mas yo ak gwo evènman kominotè yo. Enstriksyon sa yo sijere estrateji pou ede ou planifye ak aplike fason pou pi byen pwoteje tout moun ki patisipe yo nan yon rasanbleman an mas.

Òganizatè yo t a dwe toujou ap evalye, dapre kondisyon regilye yo, si pou yo ranvwaye anile evènman an oswa si pou yo fè gwo rediksyon nan kantite patisipan yo (si li posib) pou rasanbleman mas yo. Anba la se lis kèk konsiderasyon òganizatè yo ta dwe toujou sonje lè y ap pran desizyon konsènan si pou yo ranvwaye oswa anile yon evènman. Si òganizatè yo deside kontinye avèk yon evènman, yo ta dwe konsilte seksyon dokiman sa a ki konsène “Etap pou Planifye, Prepare, ak Fè yon Rasanbleman an Mas”.

 

 

Konsiderasyon pou Ranvwaye oswa pou Anile yon Rasanbleman an Mas

Gen anpil faktè pou konsidere lè w ap detèmine bezwen pou ranvwaye oswa pou anile yon gwo rasanbleman. Men kèk nan faktè sa yo:

  • Kantite jeneral patisipan yo. Pi gwo rasanbleman yo (pa egzanp, plis pase 250 moun) bay plis okazyon pou gen kontak ant moun-ak-moun epi poutèt sa yo reprezante risk pou transmisyon COVID-19.
  • Kantite moun k ap patisipe yo ki pi arisk pou gen maladi grav apre yo pran COVID-19. Nou panse granmoun aje yo ak moun ki gen pwoblèm medikal kache se moun ki arisk anpil.
  • Dansite patisipan yo ki nan yon zòn izole. Dapre sa nou konnen nan moman an konsènan viris la, transmisyon ant moun-ak-moun ap fèt pi souvan pami kontak sere yo (distans ki apeprè 6 pye).
  • Konsekans ekonomik posib pou patisipan yo, moun ki vini yo, ekip la ak pi gwo kominote a.
  • Nivo transmisyon viris la nan kominote lokal ou ak nivo transmisyon an nan zòn kote moun k ap vini yo pral vwayaje. Pou pi byen konprann nivo transmisyon viris la nan kominote ou, (ak nan kominote kote moun ki vini yo pral vwayaje), konsilte depatman sante piblik lokal ou ak/oswa depatman sante piblik eta kote w ap viv la.
  • Si gen fason pou fè gwo rediksyon nan kantite patisipan yo. Pa egzanp, pou evènman espòtif yo oswa konsè nan lekòl, òganizatè yo ta dwe anvizaje òganize evènman an men yo ta dwe fè gwo rediksyon nan kantite manm odyans lan.

Nan yon nivo transmisyon ki minimal ak modere nan kominote a li rekòmande pou:

Nan yon nivo transmisyon ki enpòtan nan kominote a, li rekòmande poui anile rasanbleman an mas ki gen nenpòt kantite patisipan.

 

 

Etap pou Planifye Prepare ak Fè yon Rasanbleman an Mas

Detay plan operasyon ou pou ijans ta dwe baze sou dimansyon ak dire evènman yo, demografi patisipan yo, konpleksite operasyon nou yo pou evènman an, ak nenpòt kalite sèvis ak aktivite anplas evènman ou ka ofri.

 

Revize plan pou operasyon Annijans ki la deja yo pou  lokal ou yo

  • Rankontre avèk kowòdonatè operasyon pou ijans yo oswa ekip planifikasyon an nan lokal ou yo. Diskite sou plan pou operasyon pou ijans yo epi detèmine fason yo ka afekte aspè evènman ou yo, tankou pèsonèl la, sekirite a, sèvis yo ak aktivite yo, fonksyon yo, ak resous yo. Travay avèk kowòdonatè operasyon oswa ekip planifikasyon pou prepare pou estrateji kle yo pou prevansyon ki endike nan enstriksyon sa yo. Kreye yon plan pou ijans ki abòde anpil senaryo ki dekri anba la a ou ka jwenn pandan yon deklanchman COVID-19.
  • Kreye relasyon avèk patnè kominote kle yo ak moun ki konsène yo. Lè w ap fòme relasyon kle pou evènman ou yo, mete patnè enpòtan tankou depatman sante piblik lokal dirijan kominote yo, òganizasyon relijye yo, komèsan yo founisè yo, lopital yo, liy ayeryen yo, konpayi transpò yo, ak lapolis. Kolabore epi planifye avèk yo sou pi gwo efò planifikasyon. Idantifye aklè wòl, responsablite ak otorizasyon pou pran desizyon pou chak patnè, Kontakte depatman sante piblik lokal ou pou jwenn yon kopi repons yo konsènan deklanchman maladi a ak plan pou diminisyon pou kominote ou. Patisipe nan aktivite preparasyon pou ijan s nan nivo kominote a

 

Abòde estrateji prevansyon kle yo nan plan ou pou operasyon pou ijans yo

  • Ankouraje pratik aksyon prevantif yo chak jou. Itilize mesaj ak materyèl sou sante yo kreye nan sous sante piblik ou fè konfyans tankou depatman sante piblik lokal ou oswa CDCpou ankouraje ekip evènman ou ak patisipan yo p[ou pratike bon abitid sante pèsonèl. Anvizaje mete pano (fizik oswa elektwonik) toupatou nan evènman an pou fè patisipan yo sonje souvan pou yo angaje nan aksyon prevantif chak jou pou ede yo evite transmisyon COVID-19. Men kèk nan sa pou fè patisipan yo sonje:
    • Rete lakay ou si ou malad, sof pou resevwa swen medikal.
    • Kouvri bouch ou lè w ap touse oswa estènen avèk manch rad ou oswa yon klinèks, answit jete klinèks la nan fatra.
    • Lave men ou souvan avèk savon ak dlo pandan omwen 20 segonn, sitou apre ou soti nan twalèt; anvan ou manje, epi apre ou mouche nen ou, apre ou touse oswa apre ou etènye.
    • Pa manyen zye, nen ak bouch ou avèk men ou ki pa lave.
    • Chak jou netwaye sifas ak objè moun manyen souvan.
  • Bay lamen ak high-five fèt souvan nan reyinyon yo ak evènman espòtif yo, epi aksyon sa yo kapab se fason COBID-19 kapab transmèt ant moun ak moun. Kòm yon fason pou diminye presyon sosyal la pou angaje nan konpòtman komen sa yo, anvizaje mete pano (fizik ak/oswa elektwonik) k ap dekouraje aksyon sa yo pandan rasanbleman an.
  • Bay materyèl pou prevansyon COVID-19 nan rasanbleman ou yo. Planifye pou gen materyèl siplemantè anplas pou ekip evènman an ak patisipan yo, ansanm avèk dezenfektan men, klinèks ak mask figi pou yon sèl itilizasyon (pou moun ki kòmanse gen sentòm yo).
    • Asire evènman ou yo gen materyèl pou ekip evènman ak patisipan yo, tankou dezenfektan men ki gen omwen 60% alkòl, klinèks, poubèl, mask figi pou jete apre itilizasyon epi ajan netwayaj ak dezenfektan. Netwaye sifas ak objè moun manyen souvan yo avèk detèjan ak dlo anvan ou dezenfekte yo, sitou sifas ki sal aklè yo.
    • Netwaye epi dezenfekte souvan sifas ak objè moun manyen souvan yo. Netwaye yo avèk dezenfektan ou itilize souvan yo. Itilize tout pwodui netwayaj yo annakò avèk enstriksyon ki nan etikèt la.
    • Pou dezenfeksyon an, dezenfektan pou kay ki anrejistre nan EPA epi ki pi komen yo ta dwe efikas.
      • Yon lis pwodui EPA apwouve pou itilize kont viris ki lakòz COVID-19 disponib la a. Swiv enstriksyon manifakti a pou tout pwodui netwayaj ak pwodui dezenfeksyon yo (egzanp, konsantrasyon, metòd aplikasyon ak lè pou pran kontak, elatriye).
      • Answit, ou kapab itilize solisyon klowòks ki fonn si li apwopriye pou sifas la. Swiv enstriksyon manifakti a pou aplikasyon pwodui a ak bon jan ayerasyon. Tcheke pou asire pwodui a pa pase dat ekspirasyon li. Pa janm melanje klowòks ou itilize nan kay avèk amonyak oswa nenpòt lòt ajan netwayaj. Klowòks ou itilize nan kay ki pa ekspire ap efikas kont kowonaviris yo lè li fonn kòrèkteman. Prepare yon solisyon klowòks depi ou melanje:
        • 5 kiyè (1/3 tas(klowòks pou chak galon dlo oswa
        • 4 ti kiyè klowòks pou chak ka dlo
    • Ou kapab jwenn lòt enfòmasyon sou enstalasyon netwayaj ak enstalasyon dezenfeksyon sou sitwèb CDC.
    • Nòt: Ou ta dwe konsève mask anplas epi ou ta dwe itilize yo sèlman si yon moun (travayè oswa patisipan vin malad nan evènman an. Ou ta dwe izole moun ki vin malad yo imedyatman lwen manm ekip la ak patisipan ki pa malad yo epi ou ta dwe bay yo yon mask figi pou yon sèl itilizasyon pou yo mete.
  • Plan for absans ekip la. Kreye epi aplike règleman fleksib konsènan prezans ak konje maladi. Ekip evènman an bezwen rete lakay yo lè yo malad oswa yo ka bezwen rete lakay yo pou pran swen yon moun lakay yo ki malad oswa pou pran swen pitit yo sizoka pitit yo pa kapab ale lekòl. Pèmèt ekip la travay lakay yo lè li posib. Idantifye fonksyon ak pòs djòb ki enpòtan anpil yo epi planifye pou lòt kalite anplwaye vini depi ou bay fòmasyon transvèsal (ki sanble avèk planifikasyon pou fè anplwaye travay pandan jou ferye). Swiv enstriksyon yo sou fason ak kilè pou retounen nan travay san pwoblèm.
  • Aplike règleman konsènan prezans ak konje maladi ekip la (si li posib). Egzije ekip la pou yo rete lakay yo si yo malad oswa si y ap pran swen yon moun lakay yo ki malad. Fè ekip la konnen kilè ou planifye pou aplike  règleman konsènan konje maladi akòz COVID-19.
    • Nòt: Mande manm ekip ki malad avèk sentòm COVID-19pou yo evite kontak avèk lòt moun epi pou yo chèche jwenn konsèy medikal.
  • Fè pwomosyon pou mesaj ki dekouraje moun malad yo patisipe nan evènman yo. Sa ta dwe gen ladan mesaj ki mande pou moun so ti nan evènman yo si yo kòmanse gen sentòm COVID-19, ki gen ladan lafyèv, tous, ak respirasyon kout. Yo ta dwe chèche jwenn konsèy medikal byen vit depi yo rele klinik yon doktè oswa yon saldijans pou yo jwenn enstriksyon. Gade enstriksyon CDC sou sa pou fè lè ou malad avèk COVID-19.
  • Anvizaje lòt posiblite pou ekip evènman an ak patisipan yo ki arisk pi plis pou yo gen konplikasyon nan COVID-19. Pou kounye a, nou konsidere granmoun aje yo ak moun ki gen pwoblèm medikal grav kache grav yo kòm moun ki arisk pi plis pou gen maladi grav ak konplikasyon nan COVID-19. Òganizatè evènman yo kapab konsidere re-afekte responsablite yo pou manm ekip ki pi arisk yo gen kontak minimòm avèk lòt moun yo. Moun nan gwoup ki pi arisk yo ta dwe konsilte pwofesyonèl swen sante yo konsènan patisipasyon yo nan gwo evènman yo. Anvizaje bay ranbousman pou patisipan evènman yo ki pa kapab patisipe paske yo arisk anpil epi/oswa anvizaje bay enfòmasyon sou lòt kalite fason pou wè evènman yo.
  • Si li posib, idantifye yon espas ki kapab sèvi pou izole manm ekip la oswa patisipan ki vin malad yo nan evènman an. Chwazi yon espas pou manm ekip la oswa patisipan ki vin malad yo epi ki pa kapab kite evènman an imedyatman. Travay avèk patnè yo, tankou lopital lokal yo, pou kreye yon plan pou trete ,manm ekip ak patisipan yo ki p a abite toupre. Ajoute yon plan pou separe epi pou bay swen pou popilasyon ki frajil yo. Si nenpòt manm ekip la oswa patisipan vin malad nan evènman ou, separe li avèk lòt yo san pèdi tan. Mete anplas pwosedi pou ede manm ekip oswa patisipan soti nan evènman imedyatman li posib. Bay yo  mask figi pou itilizasyon yon sèl fwa pou yo mete si genyen. Travay avèk depatman sante piblik lokal ou ak lopital toupre yo pran swen moun ki vin malad yo. Si li nesesè kontakte sèvis ijans yo pou moun ki bezwen swen annijans yo. Ou ta dwe evite sèvis transpò piblik, sèvis kovwatiraj, ak taksi  pou moun malad yo epi moun sa yo ta dwe mete mask pou itilize yon sèl fwa nan figi yo toutan lè yo nan yon oto. Li plis enfòmasyon sou fason pou evite e transmisyon COVID-19 si yon moun vin malad.
  • Planifye kèk fason pou limite kontak nan moun pou manm ekip k ap sipòte evènman ou yo. Anpil fason pou fè sa gen ladan ofri ekip la chwa pou tele-travay si yo kapab fè djòb yo deyò espas travay la, avèk imèl, epi òganize reyinyon nan telefòn ak konferans nan videyo. Redui kantite manm ekip ki nesesè tankou repatisyon peryòd travay la pou ekip k ap sipòte fonksyon ak sèvis debaz yo pandan evènman yo.
  • Kreye règleman fleksib pou ranbousman pou patisipan yo. Kreye règleman pou ranbousman ki pèmèt patisipan yo jwenn fleksibilite pou rete lakay yo lè yo malad, ki bezwen bay swen pou moun lakay yo ki malad , oswa ki arisk anpil pou gen konplikasyon nan COVID-19.
  • Idantifye mezi pou pran yo si ou bezwen ranvwaye oswa anile evènman yo. Travay anpil avèk ofisyèl sante piblik lokal yo pou evalye kapasite lokal yo ki nan zèòn nan. Pandan yon deklanchman COVID-19, limit resous pami sistèm swen sante lokal yo ak/oswa lapolis kapab gen konsekans sou desizyon pou ranvwaye oswa pou anile evènman yo. Si li posib, planifye lòt kalite fason pou patisipan yo jwi evènman yo nan televizyon, nan radyo oswa sou entènèt.

 

Kominike avèk yo konsènan COVID-19

  • Rete enfòme konsènan sitiyasyon COVID-19 lokal ou. Jwenn  dènye enfòmasyon yo sou aktivite lokal COVID-19 ofisyèl piblik yo pibliye. Chèche vin okouran ranvwa lekòl yo pou yon ti tan nan zòn ou paske desizyon sa yo ka afekte ekip evènman an.
  • Modifye epi distribiye enfòmasyon pou kominikasyon annijans yo ki apwopriye ak egzat. Idantifye chak moun  ki nan chèn kominikasyon ou (pa egzanp, ekip evènman an, patisipan yo, founisè yo komèsan yo, epi patnè kominotè kle yo ak moun ki konsène yo) epi mete anplas sistèm  pou divilge enfòmasyon ba yo. Antreteni dènye enfòmasyon pou pran kontak yo pou tout moun ki nan chèn kominikasyon an. Idantifye platfòm, tankou liy dirèk, mesajri otomatik nan tèks, ak yon sitwèb pou ede ou simaye enfòmasyon yo. Voye dènye enfòmasyon yo ba patnè kominotè yo ak moun ki konsène yo souvan. Divilge enfòmasyon sou fason oumenm ak kowòdonatè operasyon pou ijans yo oswa ekip planifikasyon an pou lokal yo ap reponn nan deklanchman maladi a.
  • Idantifye epi elimine baryè nan lang, baryè kiltirèl ak baryè nan andikap ki asosye avèk kominikasyon enfòmasyon yo sou COVID-19 ba ekip evènman an ak patisipan yo. Enfòmasyon ou bay yo ta dwe fasil pou tout moun k ap patisipe nan evènman yo konporann yo. Aprann plis enfòmasyon sou fason pou kontakte moun ki pale anpil kalite lang epi ki gen anpil kalite kilti depi ou ale sou sitwèb: Konnen Odyans Ou. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon tou sou fason pou kominike avèk ekip la nan yon kriz sou sitwèb: Plan pou Kominike nan Kriz

 

Swivi Apre yon Deklanchman COVID-19 ki te Fini

Sonje, yon deklanchman COVID-19 kapab dire anpil tan. Lè ofisyèl sante piblik yo detèmine deklanchman an fini nan kominote lokal ou,. Travay avèk yo pou idantifye kritè pou diminye aksyon prevansyon COVID-19 nan evènman ou yo. Baze kritè yo sou ralantisman deklanchman an nan zòn lokal ou. Si ou anile evènman yo, travay avèk moun nan lokal ou yo pou re-pwograme evènman ou yo.

 

Evalye efikasite operasyon ak plan kominikasyon ou yo pou ijans

  • Rankontre avèk kowòdonatè operasyon ijans yo oswa ekip planifikasyon an pou lokal ou yo pou diskite sou leson ou te aprann yo epi pou note yo. Rasanble remak ekip evènman an, remak patisipan yo (si li posib), patnè kominotè yo ak moun ki konsène yo pou amelyore plan yo. Idantifye nenpòt sa ki manke nan plan yo ak nenpòt bezwen ou ka genyen pou resous siplemantè.
  • Konsève epi agrandi ekip planifikasyon ou. Chèche fason pou agrandi patenarya ou nan kominote a. Idantifye ajans ak patnè ki nesesè yo pou ede ou prepare pou deklanchman maladi enfektye pidevan epi pou eseye ajoute yo nan ekip planifikasyon ou.
  • Patisipe nan aktivite preparasyon pou ijan s nan nivo kominote a

 

Materyèl Sansibilizasyon Asosye

Enfografik: Pwoteje tèt ou nan rasanbleman yo ak nan foul moun yo

Non. Eta Florida te pibliye yon dekrè egzekitif, k ap redui dansite ak foul moun nan restoran, kafe, nayklèb ak plaj, pou ralanti transmisyon COVID-19. Restriksyon sa yo endike anba dekrè egzekitif la:

  • Kafe ak nayklèb ki toupatou nan Florida dwe rete fèmen pou pwochen 30 jou yo (gade plis enfòmasyon nan Depatman Jesyon Biznis ak Jesyon Pwofesyonèl Florida)
  • Limite rasanbleman yo avèk pa plis pase 10 moun.
  • Restoran yo gen obligasyon pou limite kliyan k ap antre yo a 50 pousan kantite yo kapab pran. Espas kote pou kliyan yo chita ta dwe epapiye ak limite pou asire kliyan ki chita yo separe avèk yon distans omwen sis pye, annakò avèk gid CDC.

Viris la pi ka soti okòmansman nan yon sous animal epi kounye a li sanble transmèt ant moun-ak-moun. Pou kounye a, COVID-19sanble ap simaye fasil ak yon fason dirab nan kominote a (“transmisyon nan kominote”) nan kèk zòn jewografik ki afekte. Transmisyon nan kominote vle di moun yo afekte avèk viris la nan yon zòn, tankou kèk moun ki pa byen konnen fason oswa kote ye te vin enfekte.

Depatman Sante Florida ap travay avèk patnè prive ak patnè; piblik yo pou  jwe yon wòl aktif nan pi bon siveyans pou maladi respiratwa ki ka se COVID-19. Epidemyolojis yo ki nan Depatman Sante Florida asosye avèk pwofesyonèl swen sante yo pou swiv nenpòt ka sispèk ki satisfè kritè pou COVID-19 pou fè aranjman pou fè tès yo lè li nesesè epitou kontwole kontak avèk ka konfime yo, si vin genyen.

Depatman Sante Florida kominike souvan avèk piblik la ak pwofesyonèl swen sante yo pou bay yo dènye enfòmasyon yo sou COVID-19 ak sou lòt maladi respiratwa yo. Sant Apèl pou COVID-19 disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semèn nan nimewo 1-866-779-6121.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ak Òganizasyon  Mondyal Sante (World Health Organization)se bon jan sous enfòmasyon sou evolisyon epidemi sa a.

Ou kapab ale sou sitwèb yo la a:
https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/index.html
https://www.who.int/westernpacific/emergencies/novel-coronavirus

Pou jwenn sèten enfòmasyon sou Florida specific information, tanpri ale sou sitwèb Depatman Sante Florida:
http://www.floridahealth.gov/diseases-and-conditions/COVID-19/