Kisa pou mwen fè si mwen panse mwen te ekspoze nan kowonaviris?

Gen kèk moun ki gen gro risk pou yo malad grav ak KOVID-19. Maladi grav vle di ke yon moun ki gen KOVID-19 la ka bezwen etène lopital, pou yo bal gro swen, pou l jwenn yon vantilatè pou ede l respire, oswa li ka menm mouri. Si w enkyè paske w santi w te ekspoze, men sa w ka fè.

 

Siveye sentòm yo

Moun ki gen KOVID-19 te gen yon pakèt sentòm – pase nan sentòm ki pa grav yo pou rive nan maladi ki grav. Sentòm yo ka parèt nan 2-14 jou aprè yon moun fin ekspoze ak viris la. Nenpòt moun ka gen sentòm ki pa grav pou l rive gen sentòm ki grav yo.

Moun ki gen sentòm sa yo ka gen KOVID-19:

  • Lafyèv oubyen frison
  • Tous
  • Souf kout oubyen pwoblèm pou respire
  • Fatig
  • Doulè nan misk yo oubyen nan kò a
  • Tèt fè mal
  • Fèk pèdi gou oswa sant
  • Gòj fè mal
  • Nen bouche oubyen nen k ap fè sòs
  • Kè plen oswa vomisman
  • Dyare

Lis sa pa gen tout sentòm ki posib yo ladan l. Granmoun aje yo ak moun ki gen pwoblèm medikal grav ki kache tankou maladi kè oubyen poumon oswa dyabèt sanble gen gro risk pou develope konplikasyon ki grav akoz maladi KOVID-19 la. Pale ak founisè swen sante w sou nenpòt lòt sentòm ki grav oubyen ki enkyete w.

Timoun yo tou ka enfekte avè l, yo ka tonbe malad, epi simaye viris KOVID-19 la. Timoun yo, menm jan ak granmoun yo, ki gen KOVID-19 men ki pa gen okenn sentòm (san sentòm) kapab toujou simaye viris la bay lòt moun.

Ou ka itilize verifikatè otomatik Sant Kontwòl Maladi a (CDC) pou ede w pran dezisyon epi chèche swen medikal apwopriye konsènan KOVID-19.

 

Kilè pou chèche swen medikal an ijans

Si yon moun montre nenpòt nan siy sa yo, chèche swen medikal an ijans tousuit:

  • Difikilte pou respire.
  • Doulè k ap pèsiste oswa presyon nan pwatrin lan.
  • Nouvo konfizyon
  • Pwoblèm pou reveye oubyen pou rete je kale.
  • Po pal, gri, oubyen ble, bouch, oswa zong kolore, sa depann de koulè po.

Lis sa pa gen tout sentòm ki posib yo. Tanpri, rele founisè swen sante w la pou nenpòt lòt sentòm ki grav oubyen ki enkyete w.

Rele 911 oubyen rele alavans sant ijans lokal ou an. Fè operatè a konnen ke w ap chèche swen pou yon moun ki gen oubyen ki ka gen KOVID-19.

 

Al fè tès la

Si w enkyè paske w santi w te ekspoze, ou dwe pale ak founisè ki bay swen sante w la epi al fè tès pou KOVID-19 la.

Menm si w pa pran vaksen an oswa w pran tou 2 dòz vaksinen yo, si w devlope sentòm KOVID-19 yo, ou dwe rete genbe distans ou, al fè yon founisè swen sante konsilte w, epi fè tès la. Ou ka jwenn lokal yo fè tès yo la.

Aprann plis bagay sou sentòm KOVID-19 yo la ak fè tès la la.

Tès san preskripsyon otorize lakay yo pa mande pou yon preskripsyon epi yo anjeneral disponib sou entènèt oswa nan magazen lokal yo.

 

Pale avèk founisè swen sante w la sou tretman posib

Tretman yo itilize pou KOVID-19 la se yon founisè swen sante ki dwe preskri l.

Tretman antikò monoklonal yo ka anpeche maladi grav, etène lopital epi mouri lakay pasyan ki ap kouri gro risk ki te pran oubyen ki te ekspoze ak KOVID-19. Tretman sa yo disponib anpil kote nan Florid.

  • Ou pap peye okenn lajan pou tretman an e ke w pran vaksen an oubyen w pa t pran l sa pa gen enpòtans. Si w gen 12 an e plis ke sa e w gen gro risk pou gen maladi grav akòz KOVID-19, ou kalifye pou tretman sa.
  • Nan tès klinik yo, tretman antikò monoklonal te montre gen yon diminisyon de 70% nan moun k ap etène lopital ak moun ki mouri yo.
  • Pou pasyan k ap kouri gro risk yo ki te ekspoze ak yon moun ki gen KOVID-19, Regeneron ka ba w yon iminite pou yon titan pou diminye chans ou pou trape enfeksyon an a plis ke 80%.

Genyen pou kounye a yon lòd pèmanan standing order nan Florid ki te siyen pa Chirijyen Jeneral Eta a ki pèmèt pasyan yo resevwa tretman sa san preskripsyon oswa referans depi se yon founisè swen sante kalifye ki bay li. Kalite referans sa yo pa nesesè nan nenpòt lokal tretman antikò monoklonal Eta Florid la epi tretman yo disponib gratis pou pasyan yo.

Jwenn Sit Tretman.

Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:

  • Lafyèv
  • Tous
  • Difikilte pou respire

Li kichòy sou sentòmCOVID-19.

Viris la pi ka soti okòmansman nan yon sous animal epi kounye a li sanble transmèt ant moun-ak-moun. Tankou rim komen, viris la transmèt nan goutlèt, ki soti souvan lè yon moun estènen oswa touse.

Tan ant lè ou te ekspoze nan viris COVID-19 ak kòmansman sentòm rele peryòd enkibasyon.” Anjeneral Peryòd enkibasyon pou COVID-19 se 2 a 14 jou, menmsi li ka pran plis tan nan kèk ka.

Si w enkyè paske w santi w te ekspoze ak viris la ak eta sante w, al fè tès pou KOVID-19 la nan yon lokal yo fè tès ki toupre lakay ou.

Yon pwofesyonèl swen sante pran prelèvman respiratwa (nen ak gòj) epi li voye yo nan yon laboratwa prive oswa nan youn nan laboratwa sante piblik eta a pou tès pou COVID-19.

Pou teste pou COVID-19 yon lòd yon pwofesyonèl swen sante ka obligatwa. Pwofesyonèl swen sante ou ka swa pran yon echantiyon pou teste nan klinik li oswa pou bay yon lòd pou jwenn tès la nan yon lòt kalite sant tès. Kèk sant tès egzije yon lòd yon pwofesyonèl swen sante, epi pou yon randevou pwograme davans menmsi gen yon kantite sant k ap fè tès la kèlkeswa sentòm yo oswa san randevou.

Se kominote lokal yo ki deside ak planifye sant yo ki bay tès pou COVID-19. Ouu kapab jwenn sant tès Leta yo la a.