Kijan mwen evite COVID-19 epi kijan pou mwen prepare pou li?

Pi bon fason pou evite maladi a se evite ekspoze nan viris la (epi evite ekspoze lòt moun). Men kijan:

 

Pratike distans sosyal

Si ou bòkote lòt moun, kenbe yon distans 6 pye ant ou menm ak yo lè li posib. Evite anbrasad, bay lamen, gwo rasanbleman ak katye toupre yo.

Pou kisa? Ekspè yo panse viris la transmèt sitou ant moun ak moun. Lè moun touse oswa estènen, yo degaje ti goutlèt likid ki soti nan nen yo ak bouch yo, ki ka gen viris la. Si ou twò pre, ou kapab rale goutlèt yo, ansanm ak kowonaviris la si moun k ap touse a gen maladi a.

Lave men ou

Lave men ou avèk savon ak dlo pandan omwen 20 segonn pou ede ou bloke transmisyon jèm yo— si pa gen savon ak dlo itilize dezenfektan pou men ki gen omwen 60 pousan alkòl.

 

Kilè Mwen Ta Dwe Lave Men Mwen?

Fè lavaj men ou vin yon abitid regilye pou ou. Li pi enpòtan pou lave men ou:

  • Anvan ou manje ak anvan ou kwit manje
  • Apre ou itilize twalèt
  • Apre ou netwaye espas ki nan kay la
  • Apre ou manyen bèt kay ak lòt bèt
  • Anvan ak apre ou vizite oswa pran swen moun malad
  • Apre ou mouche nen ou, touse oswa etènye
  • Apre ou soti deyò
  • Apre ou manyen kourye oswa koli

Pou kisa? Lè ou lave men ou, sa retire jèm yo nan men ou. Kenbe men ou pwòp se youn nan etap ki pi enpòtan ou kapab fè pou evite vin malad ak transmèt jèm ba lòt moun.

 

Mete yon mask twal nan figi ou lè ou nan piblik

Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon mask twal nan figi ou lè ou bòkote lòt moun ak lè ou deyò nan piblik, tankou makèt ki vann manje angwo.

PA itilize yon mask figi ki deziyen pou yon travayè swen sante. Pa mete yon mask twal figi sou jèn timoun ki poko gen laj 2 zan, nenpòt moun ki gen twoub respirasyon, oswa nenpòt moun ki pa kapab retire mask la san asistans.

Pou kisa? Ou kapab transmèt COVID-19 ba lòt moun menmsi ou pa santi ou malad. Mask twal figi a la pou pwoteje lòt moun sizoka ou enfekte.

 

Pa manyen zye, nen ak bouch ou

Pou kisa? Men yo touche anpil sifas epi yo kapab ranmase viris yo. Depi men yo kontamine yo kapab transfere viris la nan zye ou, nen ou oswa bouch ou.

 

Kouvri tous ak lè w ap etènye

Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa estènen. Jete klinèks ou itilize yo nan fatra.

Pou kisa? Goutlèt to simaye viris la. Si pou swiv bon ijyèn respiratwa, w ap pwoteje moun ki bòkote ou kont viris yo tankou rim, grip ak COVID-19.

 

Netwaye epi dezenfekte sifas “moun manyen anpil yo”

Netwaye EPI dezenfekte sifas ou manyen souvan yo chak jou. Sa gen ladan, tab, bouton pòt yo, entèriptè limyè yo, anlè kontwa yo, manch yo, biwo yo, telefòn yo, klavye yo, twalèt yo, wobinè yo, ak lavabo yo.

Si sifas yo sal, netwaye anvan avèk detèjan oswa savon ak dlo, epi answit dezenfekte yo. Dezenfektan ki pi komen pou kay ki anrejistre nan EPA, solisyon klowòks ki fonn pou kayak solisyon abaz alkòl ki gen omwen 70% alkòl ap travay. Gade fason pou f yon solisyon klowòks si dezenfektan yo pa disponib.

 

Gade plis enfòmasyon konsènan fason pou prepare pou COVID-19 ak fason pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kay ou.

Yo konsidere COVID-19 kòm yon ijans sante nasyonal. Sa a se yon sitiyasyon k ap evolye vit epi evalyasyon risk la ka chanje chak jou. Pou jwenn dènye rapò sou sitiyasyon an nan lemonn tanpri ale sou sitwèb CDC. Pou jwenn dènye enfòmasyon yo konsènan Florida, ale sou sitwèb Depatman Sante Florida.

Depatman Sante Florida ap travay yon fason aktif avèk patnè prive yo ak patnè piblik yo pou kontwole COVID-19. Depatman Sante Florida prepare sant pou fè tès tout kote nan eta a epi y ap prepare pou vaksen yo distribiye nan Florida pou popilasyon frajil yo nan fen ane 2020 oswa byen bonè nan ane 2021: https://www.floridadisaster.org/covid19/testing-sites/.

Depatman Sante Florida kominike souvan avèk piblik la ak pwofesyonèl swen sante yo pou bay yo dènye enfòmasyon yo sou COVID-19 ak sou lòt maladi respiratwa yo. Sant Apèl pou COVID-19 disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semèn nan nimewo 1- 866- 779- 6121.

Pou li Plan Gouvènè DeSantis pou Redrèsman Florida an sekirite Entèlijan. Etap-pa-Etap. Klike la a https://floridahealthcovid19.gov/plan-for-floridas-recovery/.

Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:

  • Lafyèv
  • Tous
  • Difikilte pou respire

Li kichòy sou SentòmCOVID-19 .

Viris la pi ka soti okòmansman nan yon sous animal epi kounye a li sanble transmèt ant moun-ak-moun. Tankou rim komen, viris la transmèt nan goutlèt, ki soti souvan lè yon moun estènen oswa touse.

Menmsi viris la sanble soti nan yon sous animal, kounye a l ap simaye ant moun ak moun. Depatman Sante Florida ak CDC rekòmande pou moun ki vwayaje nan peyi Lachin pou yo evite bèt yo kit yo vivan oswa mouri, men pa gen rezon pou panse nenpòt bèt oswa bèt kay ki nan Etazini ta ka yon sous enfeksyon avèk nouvo kowonaviris sa a.

Pi bon fason pou evite maladi a se evite ekspoze nan viris la (epi evite ekspoze lòt moun). Men kijan:

  • Pratike distans sosyal.
  • Mete yon mask twal nan figi ou lè ou nan piblik.
  • Lave men ou souvan.
  • Evite manyen zye, nen ak bouch ou.
  • Kouvri tous ak lè w ap etènye.
  • Netwaye epi dezenfekte sifas “moun manyen anpil yo”.

Gade plis enfòmasyon sou fason pou evite COVID-19 ak fason pou prepare pou li.

N ap prepare pou distribiye vaksen ki bon ak efikas pou pifò popilasyon frajil yo nan Florida apati fen ane 2020 oswa byen bonè nan ane 2021. Apre sa, vaksen yo pral vin disponib pou lòt Floridyen yo. Klike la a pou revize enfòmasyon sou vaksen yo kont COVID-19.

Kantite tan viris la ap siviv pètèt depannde faktè yo. Kèk nan faktè sa yo kapab se kalite sibstans  oswa fliyid kò ki gen viris la ak anpil kalite kondisyon anviwònman an tankou tanperati oswa imidite. Chèchè yo ki nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi ak kèk lòt enstitisyon ap konsevwa eksperyans nòmalize pou mezire kantite tan COVID-19 kapab siviv nan sitiyasyon ki imite kondisyon anviwònman natirèl.

Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini(U.S. Environmental Protection Agency, EPA)te pibliye yon lis pwodui dezenfektan ki anrejistre nan EPA ki kalifye pou itilize kont SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris ki lakòz COVID-19. Ou kapab jwenn lis pwodui dezenfektan yo sou sitwèb https://www.epa.gov/pesticide-registration/list-n-disinfectants-use-against-sars-cov-2.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) pa gen okenn prèv pou sijere bèt oswa pwodui animal yo enpòte nan zòn ki gen kominote ki gen epidemi an poze yon risk pou transmèt COVID-19 nan Etazini. Sa swe yon sitiyasyon k ap evolye rapid epi n ap modifye enfòmasyon yo lè yo vin disponib.

CDC, Depatman  Agrikilti Etazini (U.S. Department of Agriculture, USDA), ak Sèvis pou Pwason ak Bèt Sovaj (Fish and Wildlife Service, FWS)Etazini jwe wòl ki diferan men konplemantè nan kontwole enpòtasyon bèt vivan ak pwodui animal nan Etazini.

Vwayaj Lokal: Epidemi COVID-19 nan Etazini se yon sitiyasyon k ap evolye rapid. Sitiyasyon epidemi an pa menm selon kote a k eta a epi otorite lokal yo ap bay dènye enfòmasyon ak enstriksyon yo souvan. Plan  White House’s Opening Up America Again vle di kèk pati nan peyi a gen diferan enstriksyon pase lòt zòn yo. Verifye avèk otorite leta ak otorite lokal yo kote ou ye a, toutolon wout ou, ak nan kote ou planifye pou ale a pou jwenn enfòmasyon sou sikonstans lokal yo ak sou nenpòt restriksyon ki ka anplas.

Vwayaj Entènasyonal: depatman-Deta konseye sitwayen Etazini yo pou yo evite tout vwayaj entènasyonal akòz enpak global COVID-19. Nan  kèk peyi kote chwa vwayaj komèsyal yo toujou disponib, sitwayen Etazini yo ta dwe fè aranjman pou yo retounen  nan Etazini imedyatman, sof si yo prepare pou rete nan peyi etranje pou yon kantite tan endefini. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou  sitwèb Depatman-Deta.

Pou jwenn enfòmasyon ki pi detaye, ale sou sitwèb: https://floridahealthcovid19.gov/travelers/

Tout moun nan Florida jwenn ankourajman pou evite reyini an gwoup ki pi gwo pase 10 moun.