Lekòl ak Pwogram Swen Timoun

Depatman Edikasyon Florida te anonse nan jou ki te madi 18 avril, tout lekòl piblik ak lekòl prive Florida ki gen klas matènèl jiska klas 12yèm ane ap kontinye aprantisaj adistans epi y ap kenbe kanpis lekòl yo fèmen jiska dat 3 jwen, ki se rès ane akademik 2019-2020.

 

Lekòl, Kolèj ak Inivèsite Florida

The depatman Edikasyon, (Florida Department of Education, FDOE) ap travay anpil avèk Depatman Sante Florida ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC)pou kontwole COVID-19epi y ap travay san rete pou asire dènye enstriksyon CDC simaye rapid epi kòmsadwa.

Pwogram pou Gadri nan Florida

Depatman Timoun ak Fanmi Florida

Depatman Transpò Florida

  • Pwogram Manje pou Gadri (Child Care Food Program, CCFP) nan Florida se yon pwogram ki la pou itilize tout fleksibilite ak posiblite pwogram yo ofri nan Depatman Agrikilti Etazini (United States Department of Agriculture, USDA) pou sèvi patisipan pwogram nan.
  • Pandan yon fèmti lekòl ki fèt sanzatann, lekòl yo kapab pran avantaj patisipasyon yo nan youn nan pwogram repa sezon lete USDA pou bay manje gratis pou elèv yo. Nan sikonstans nòmal yo, yo dwe sèvi repa yo nan yon anviwònman gwoup.
  • Men, nan yon ijans sante piblik, lalwa bay USDA otorizasyon pou anile egzijans pou bay repa yo nan anviwònman gwoup, ki enpòtan anpil pandan yon sitiyasyon pou pratike distans sosyal. CCFP ap travay avèk USDA pou bay anilasyon yo pou fasilite operasyon pwogram nan epi pou pwoteje sante patisipan yo.
  • Jwenn founisè patnè CCFP ki nan zòn ou.

Aksyon Lekòl yo ak Pwogram Gadri yo Ta Dwe Fè Kounye a

Toutan
  • Afiche siy ak sentòm COVID-19: lafyèv, tous ak respirasyon kout.
  • Ankouraje moun yo pou yo rete lakay yo lè yo malad.
  • Netwaye sifas moun manyen souvan yo – – bagay tankou biwo komen , anlè kontwa, aparèy elektwonik ak bouton pòt.
  • Limite evènman ak reyinyon ki lakòz moun gen kontak sere.
  • Rete ajou sou devlopman yo nan kominote ou.
  • Kreye yon plan ijans pou posib deklanchman.
  • Evalye si manm kominote pi arisk epitou planifye pou sa.
Pandan yon Deklanchman nan Zòn ou
  • Si yon moun vin malad voye li lakay li oswa separe moun sa a.
  • Si ou idantifye yon ka, enfòme moun ki te ka ekspoze ladan.
  • Kontinye netwaye ak dezenfekte zòn moun nan san pwoblèm.
  • Konekte avèk depatman sante lokal ou yo.
  • Anile gwo reyinyon yo oswa gwo evènman yo.
  • Mete plan ou pou deklanchman maladi enfektye annaksyon.
Sèten Enstriksyon pou Lekòl yo ak Pwogram Gadri yo

  • Mete atik netwayaj yo disponib san pwoblèm.
  • Ankouraje elèv yo ak ekip la pou rete lakay yo si yo malad.
  • Kontwole absans yo
  • Planifye pou aprantisaj dijital ak adistans.
  • Prepare ou pou ranvwaye oswa pou fèmen lekòl yo pou yon ti tan epi pou anile evènman yo.
    • Ranvwa pou tan kout pou netwayaj epi kontakte pou fè swivi nan kontak si ou gen yon ka.
    • Ranvwa pou tan long si ou gen transmisyon enpòtan nan zòn ou
  • Planifye kèk fason pou kontinye bay sèvis pou elèv yo tankou pwogram manje nan lekòl si lekòl yo fèmen.
  • Fè repatisyon anplwaye yo oswa orè yo pou redui kontak ant moun ak moun.
  • Travay avèk depatman sante lokal ou pou jwenn enstriksyon sou fèmti ak re-ouvèti lekòl.

Wè plis enfòmasyon sou lekòl ak pwogram gadri yo.

Viris la pi ka soti okòmansman nan yon sous animal epi kounye a li sanble transmèt ant moun-ak-moun. Tankou rim komen, viris la transmèt nan goutlèt, ki soti souvan lè yon moun estènen oswa touse.

Pou kounye a, pa gen pwodui dezenfektan ki anrejistre avèk Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini (US Environmental Protection Agency) pou itilize sou sifas anviwònman ki endike sitou kòm dezenfektan ki gen posiblite pou touye COVID-19. Men, viris asosye ki gen pwopriyete fizik ak pwopriyete byochimik sanblab kapab mouri avèk klowòks, amonyak, oswa alkòl, oswa ajan netwayaj ki gen nenpòt nan dezenfektan sa yo. Ou ta dwe itilize ajan netwayaj yo dapre enstriksyon manifakti a.

Pou dezenfeksyon gen yon lis pwodui ki gen nouvo patojèn viral ki gen apwobasyon Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini (Environmental Protection Agency, EPA) epi ki antreteni nan Sant Komite Ameriken pou Chimi pou Konpozisyon Chimik Byosid (CBC)ki disponib sou sitwèb Novel Coronavirus (COVID-19) Fighting Products. Toujou swiv enstriksyon manifakti a pou tout pwodui netwayaj yo ak pwodui dezenfeksyon yo.

Kantite tan viris la ap siviv pètèt depannde faktè yo. Kèk nan faktè sa yo kapab se kalite sibstans  oswa fliyid kò ki gen viris la ak anpil kalite kondisyon anviwònman an tankou tanperati oswa imidite. Chèchè yo ki nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi ak kèk lòt enstitisyon ap konsevwa eksperyans nòmalize pou mezire kantite tan COVID-19 kapab siviv nan sitiyasyon ki imite kondisyon anviwònman natirèl.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ak Òganizasyon Mondyal Sante (World Health Organization) se bon jan sous enfòmasyon sou evolisyon epidemi sa a.

Pou jwenn sèten enfòmasyon sou Florida specific information, tanpri ale sou sitwèb Depatman Sante Florida:
http://www.floridahealth.gov/diseases-and-conditions/COVID-19/