Voyaje yo
Pou kounye a eta Florida pa gen restriksyon ki anplas sou vwayaj.
Depatman Sante Florida te pibliye yon avètisman konsènan sante piblik, jan sa endike anba la a:
- Nou mande sitwayen yo ak vizitè yo pou yo mete mask pou kouvri figi yo si li pa posib pou yo pratike distans sosyal alafwa andedan ak deyò kay yo.
- Evite rasanbleman ki gen plis pase 10 moun.
- Evite foul moun, espas fèmen ak anviwònman ki gen kontak sere.
Vwayaj ap ogmante chans ou pou pran ak transmèt COVID-19.
Ou kapab trape COVID-19 pandan vwayaj ou yo. Ou ka santi ou byen epi ou pa gen okenn sentòm, men ou kapab toujou transmèt COVID-19 ba lòt moun.
Pa vwayaje si ou malad or si ou te bòkote yon moun ki gen COVID-19 nan dènye 14 jou yo. . Pa vwayaje avèk yon moun ki malad.
Vwayaj nan Florida
Florida se youn nan destinasyon prensipal pou vwayaj nan lemonn. Pou jwenn enfòmasyon sou règ ki anplas yo pou pak eta a, restoran yo ak lòt konplèks, tcheke Plan pou Redrèsman Florida’s.
Vwayaj Enpòtan (deyò zòn lokal ou
Yon vwayaj ka enpòtan tou, tankou:
- Vwayaj pou bay swen medikal oswa swen nan kay pou lòt moun
- Vwayaj ki nesesè pou yon djòb yo konsidere kòm yon sèvis enpòtan
Voyaj Nan Peyi Lakay
Gade dènye enfòmasyon yo sou sitwèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC).
Anvan Ou Vwayaje
Anvan ou vwayaje, konsidere sa ki endike anba la yo:
- Èske COVID-19 simaye nan kote ou prale a?
Tank gen plis ka nan kote ou prale a, tank w ap pi arisk pou enfekte pandan vwayaj ou epi pou transmèt viris la ba lòt moun lè ou retounen. - Èske w ap viv avèk yon moun pi ta pi arisk pou gen maladi grav nan COVID-19?
Si ou enfekte pandan w ap vwayaje, ou kapab transmèt viris la ba manm fanmi ak zanmi ou yo, lè ou retounen, menmsi ou pa gen sentòm. - Èske ou pi arisk pou gen maladi grav nan COVID-19?
Nenpòt moun kapab vin malad anpil nan viris la ki lakòz COVID-19, men granmoun aje yo ak moun nenpòt laj ki gen sèten pwoblèm medikal. kache se moun ki pi arisk pou gen maladi grav nan COVID-19. - Èske kote ou prale a gen egzijans oswa restriksyon pou vwayajè yo?
Kèk gouvènman eta, ak gouvènman teritwa gen obligasyon,. Tankou egzije moun pou yo mete mask epi egzije moun ki te vwayaje pa twò lontan pou yo rete lakay yo pou apeprè 14 jou. Tcheke sitwèb eta, teritwa, tribiak sitwèb sante piblik lokal pou jwenn enfòmasyon anvan pou vwayaje. Si w ap vwayaje nan peyi etranje, tcheke Biwo Afè Etranje oswa Ministè Sante peyi kote ou prale a oswa Depatman-deta Etazini, Biwo Afè Konsilè, ikòn ekstèn paj Enfòmasyon Peyi a pou jwen detay sou egzijans ak restriksyon sou antre pou vwayajè k ap rive yo, tankou tès oswa karantèn obligatwa.
Si W ap Vwayaje
Pandan vwayaj ou, fè etap pou pwoteje tèt ou ak lòt moun yo kont COVID-19:
- Mete yon mask pou kenbe nen ou ak bouch ou kouvri lè ou nan espas piblik yo.
- Evite kontak sere. Pou fè sa, rete omwen sou yon distans 6 pye apa (apeprè longè 2 bra) avèk nenpòt moun ki pa lakay ou.
- Lave men ou souvan oswa itilize dezenfektan men (ki gen omwen 60% alkòl).
- Evite kontak dirèk avèk nenpòt moun ki malad.
- Evite manyen zye, nen ak bouch ou.
Nou mande pasaje ki deside vwayaje yo pou yo teste nan 3-5 jou apre yo retounen nan yon vwayaj. Si ou pa teste, rete lakay ou pou 10 jou apre ou epi evite rete bòkote moun ki arisk anpil pou gen maladi grav pandan 14 jou, kit ou teste kit ou pa teste.
Nouvo gid CDC prevwa pou karantèn nan fini apre Jou 7 si rezilta tès ou negatif depi ou fè tès la nan Jou 5 oswa apre, epi si ou pa gen sentòm pandan 14 jou siveyans lan.
Vwayaj Entènasyonal
Gade dènye kat jewografik COVID-19 sou rekòmasyon CDC pou vwayaj selon peyi a.
Vwayaj nan Bato Kwazyè
Nan dat 30 oktòb 2020, CDC te pi bliye yon Lòd Navigasyon Kondisyonèl pou bato kwazyè k ap opere oswa k ap chèche opere nan dlo Etazini yo. Lòd sa a entwodui yon apwòch pwogresif pou rekòmanse kwazyè yo avèk pasaje. Operasyon pasaje yo kontinye dwe sispann pandan premye faz Lòd sa a. Premye faz la egzije pou yo fè tès depistaj pou ekipaj la pou detèmine si COVID-19 ap domine pami tout manm ekipaj ki nan bato kwazyè yo nan moman an.
CDC toujou rekòmande pou evite nenpòt vwayaj nan bato kwazyè, tankou kwazyè nan rivyè, toupatou nan lemonn. Se paske risk pou pran COVID-19 toujou wo nan bato kwazyè yo. Granmoun aje yo ak moun ki pi arisk pou gen maladi grav ta dwe sitou evite vwayaje nan bato kwazyè, tankou kwazyè nan rivyè.
Nou mande pasaje ki deside vwayaje yo pou yo teste nan 3-5 jou apre yo retounen nan yon vwayaj. Si ou pa teste rete lakay ou pou 10 jou apre vwayaj la. Pou kapab ralanti transmisyon COVID-19, anpil peyi aplike pwosedi depistaj sevè ki refize dwa antre nan pò pou bato yo epi ki anpeche pasaje yo debake.
Gid CDC prevwa pou karantèn nan fini apre Jou 10 san ou pa teste epitou si ou pa gen sentòm pandan 14 jou siveyans lan. Gid CDC yo prevwa pou izòlman an fini apre Jou 7 si ou teste nan Jou 5 oswa apre rezilta tès ou negatif epitou si pou pa gen sentòm pandan 14 jou siveyans lan.
Materyèl Sansibilizasyon Asosye
Vwayaj Lokal: Epidemi COVID-19 nan Etazini se yon sitiyasyon k ap evolye rapid. Sitiyasyon epidemi an pa menm selon kote a k eta a epi otorite lokal yo ap bay dènye enfòmasyon ak enstriksyon yo souvan. Plan White House’s Opening Up America Again vle di kèk pati nan peyi a gen diferan enstriksyon pase lòt zòn yo. Verifye avèk otorite leta ak otorite lokal yo kote ou ye a, toutolon wout ou, ak nan kote ou planifye pou ale a pou jwenn enfòmasyon sou sikonstans lokal yo ak sou nenpòt restriksyon ki ka anplas.
Vwayaj Entènasyonal: depatman-Deta konseye sitwayen Etazini yo pou yo evite tout vwayaj entènasyonal akòz enpak global COVID-19. Nan kèk peyi kote chwa vwayaj komèsyal yo toujou disponib, sitwayen Etazini yo ta dwe fè aranjman pou yo retounen nan Etazini imedyatman, sof si yo prepare pou rete nan peyi etranje pou yon kantite tan endefini. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sitwèb Depatman-Deta.
Pou jwenn enfòmasyon ki pi detaye, ale sou sitwèb: https://floridahealthcovid19.gov/travelers/
Yo konsidere COVID-19 kòm yon ijans sante nasyonal. Sa a se yon sitiyasyon k ap evolye vit epi evalyasyon risk la ka chanje chak jou. Pou jwenn dènye rapò sou sitiyasyon an nan lemonn tanpri ale sou sitwèb CDC. Pou jwenn dènye enfòmasyon yo konsènan Florida, ale sou sitwèb Depatman Sante Florida.
Tan ant lè ou te ekspoze nan viris COVID-19 ak kòmansman sentòm rele peryòd enkibasyon.” Anjeneral Peryòd enkibasyon pou COVID-19 se 2 a 14 jou, menmsi li ka pran plis tan nan kèk ka.
Kantite tan viris la ap siviv pètèt depannde faktè yo. Kèk nan faktè sa yo kapab se kalite sibstans oswa fliyid kò ki gen viris la ak anpil kalite kondisyon anviwònman an tankou tanperati oswa imidite. Chèchè yo ki nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi ak kèk lòt enstitisyon ap konsevwa eksperyans nòmalize pou mezire kantite tan COVID-19 kapab siviv nan sitiyasyon ki imite kondisyon anviwònman natirèl.
Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini(U.S. Environmental Protection Agency, EPA)te pibliye yon lis pwodui dezenfektan ki anrejistre nan EPA ki kalifye pou itilize kont SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris ki lakòz COVID-19. Ou kapab jwenn lis pwodui dezenfektan yo sou sitwèb https://www.epa.gov/pesticide-registration/list-n-disinfectants-use-against-sars-cov-2.