Kisa pou mwen fè si mwen malad?

Si w gen maladi KOVID-19 la oubyen w panse w ka gen KOVID-19 la, suiv etap sa yo ki anba a pou pran swen tèt ou epi ede pou pwoteje lòt moun lakay ou ak nan kominote w la.

Tretman Medikal Apwouve ak Otorize

Terapi antikò monoklonal disponib nan Florid e l kapab anpeche etène lopital oswa lanmò lakay pasyan ki gen gro risk akoz COVID-19. Tretman an gratis e l disponib pou pasyan ki gen COVID-19 ki gen gro risk ki gen plis ke 12 lane. Klike la pou jwenn yon lokal terapi antikò monoklonal.

Paxlovid ak Molnupiravir se tretman kont viris moun bwè ki disponib nan Florid. Klike la pou jwenn yon lokal tretman kont viris moun bwè a.

Veklury (Remdesivir) se yon metòd terapetik FDA apwouve ki efikas kòm tretman moun pran bonè kont COVID-19. Tretman sa apwouve pou pasyan ki etène lopital ak COVID-19, oswa ki gen sentòm COVID-19 ki pa grav pou rive grav e ki gen gro risk pou devlope COVID-19 grav.

 

Mete limit pou jèm lan pa gaye

Si w gen COVID-19, rete lakay ou sof si se swen w pral pran kay doktè. Pifò moun ki gen COVID-19 gen sentòm leje ki pa bezwen tretman medikal. Asire w ou repoze, bwè dlo epi rete an kontak ak founisè swen sante w.

Si w gen COVID-19, rete lwen lòt moun otan ke posib epi fè moun pwòch ou konn sa. Yon moun ka gaye viris la avan l santi sentòm oswa li teste pozitif.

Si w gen COVID-19, evite pataje bagay ki nan kay ki ka pote viris la, sa gen ladan l tas (gode), istansil, sèvyèt ak kabann. Byen netwaye atik sa yo aprè yo fin sèvi ak yo.

Si w gen COVID-19, genbe yon bon anviwònman ijyèn lè w pratike yon seri mezi sante piblik k ap pèmèt ou diminye risk yo.

 

Rete konekte avèk yon pwofesyonèl medikal

Si w gen COVID-19, suiv eta w epi konnen sentòm COVID-19 yo sa gen ladn l fyèv, tous ak lòt sentòm.

Si w gen sentòm COVID-19, al fè tès nan yon lokal ki sètifye. Mete kò w apa pandan w ap tan rezilta tès la. Konsilte konsèy Chirijyen Jeneral la bay sou avantaj klinik tès ki fè tès la genyen.

Si w gen COVID-19, rele avan w al wè doktè w la konsa y ap kapab pwoteje tèt yo, pèsonèl k ap travay yo ak lòt pasyan yo.

Jwenn plis enfòmsyon sou sa w dwe fè si w malad la.

 

 

Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:

  • Lafyèv
  • Tous
  • Difikilte pou respire

Li kichòy sou sentòmCOVID-19.

Tan ant lè ou te ekspoze nan viris COVID-19 ak kòmansman sentòm rele peryòd enkibasyon.” Anjeneral Peryòd enkibasyon pou COVID-19 se 2 a 14 jou, menmsi li ka pran plis tan nan kèk ka.

Yon pwofesyonèl swen sante pran prelèvman respiratwa (nen ak gòj) epi li voye yo nan yon laboratwa prive oswa nan youn nan laboratwa sante piblik eta a pou tès pou COVID-19.

Pou teste pou COVID-19 yon lòd yon pwofesyonèl swen sante ka obligatwa. Pwofesyonèl swen sante ou ka swa pran yon echantiyon pou teste nan klinik li oswa pou bay yon lòd pou jwenn tès la nan yon lòt kalite sant tès. Kèk sant tès egzije yon lòd yon pwofesyonèl swen sante, epi pou yon randevou pwograme davans menmsi gen yon kantite sant k ap fè tès la kèlkeswa sentòm yo oswa san randevou.

Se kominote lokal yo ki deside ak planifye sant yo ki bay tès pou COVID-19. Ouu kapab jwenn sant tès Leta yo la a.