Kesyon Moun Poze Souvan
Enfomasyon sou COVID-19
- Moun ki gen pwoblèm sante kwonik oswa pwoblèm sante kache se moun ki pi fasil pou vin malad anpil avèk COVID-19. Moun ki gen youn oswa plis pwoblèm medikal sa yo ta dwe pran plis prekosyon:
- Opresyon modere ak opresyon sevè oswa maladi poumon kwonik
- Maladi kè
- Maladi ren kwonik epi ki nan dyaliz
- Dyabèt
- Maladi fwa
- Maladi oto-iminitè
- Sistèm defans ki fèb akòz fimen, grèf mwèl zo oswa grèf ògàn, tretman kansè, VIH oswa SIDA ki pa byen kontwole, oswa itilizasyon pwolonje kòtikostewoyid ak lòt medikaman ki fè sistèm defans lan vin fèb.
- Obezite sevè
Gade enfòmasyon yo sou COVID-19 epi sou pwoblèm medikal kwonik ak pwoblèm medikal kache.
COVID-19 se yon maladi respiratwa ki te koze pa SARS-CoV-2, yon coronavirus dekouvri nan 2019. Viris la gaye sitou de moun a moun atravè ti gout respiratwa ak ti patikil ki pwodui lè yon moun ki enfekte touse, etènye oswa pale.
Sentòm sa yo ka parèt nan 2–14 jou apre yon moun te ekspoze nan viris la. Pasyan doktè konfime ki gen enfeksyon COVID-19 sanble te gen maladi respiratwa lejè ak sevè avèk sentòm:
- Lafyèv
- Tous
- Difikilte pou respire
Li kichòy sou sentòmCOVID-19.
Non. Kowonaviris yo se yon gwo fanmi viris, kèk ladan yo lakòz maladi sou moun ak lòt yo k ap sikile pami bèt yo, tankou chamo, chat ak chovsouri. Nouvo COVID-19 ki fèk parèt la pa menm avèk kowonaviris ki lakòz Sendwòm Respiratwa Mwayennoryan (Middle East Respiratory Syndrome, MERS) oswa kowonaviris ki te lakòz Sendwòm Respiratwa Sevè (Severe Acute Respiratory Syndrome, SARD) nan ane 2003. Gen rechèch k ap fèt nan moman pou aprann plis bagay. Sa swe yon sitiyasyon k ap evolye rapid epi n ap modifye enfòmasyon yo lè yo vin disponib.
Mòd prensipal moun yo enfekte ak SARS-CoV-2 (viris ki lakòz COVID-19) se lè yo ekspoze a ti gout respiratwa ki pote viris enfektye. Li posib pou moun yo enfekte nan kontak ak sifas ki kontamine oswa objè (fomites), men risk la jeneralman konsidere yo ba. (Sous: CDC)
Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini(U.S. Environmental Protection Agency, EPA)te pibliye yon lis pwodui dezenfektan ki anrejistre nan EPA ki kalifye pou itilize kont SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris ki lakòz COVID-19. Ou kapab jwenn lis pwodui dezenfektan yo sou sitwèb https://www.epa.gov/pesticide-registration/list-n-disinfectants-use-against-sars-cov-2.
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ak Òganizasyon Mondyal Sante (World Health Organization) se bon jan sous enfòmasyon sou evolisyon epidemi sa a.
Pou jwenn sèten enfòmasyon sou Florida specific information, tanpri ale sou sitwèb Depatman Sante Florida.
Le moun ekpoze nan COVID-19 ak fason pou fe tes
Rele doktè ou oswa Depatman Sante Konte ou si ou panse ou te ekspoze nan COVID-19, si ou gen sentòm epi si ou bezwen teste. Y ap deside si ou bezwen teste, y ap di ou kote pou ale, epitou y ap konekte ou avèk resous lokal yo pou moun ki gen mobilite limite.
Kantite tan li pran pou resevwa rezilta tès ou pa menm pou tout sant yo. Pou jwenn enfòmasyon konsènan tès ou, kontakte sant tès ki te bay lòd pou tès la oswa ki te pran echantiyon ou pou fè tès la. Sant Apèl pou COVID-19 pa kapab bay rezilta tès la, oswa yo pa kapab bay dènye enfòmasyon sou sitiyasyon tès la.
Depatman Sante Laflorid swiv konsèy CDC sou tès pou COVID-19. Sa vle di lè yon moun ale nan founisè swen sante lokal li a, y ap poze yo kesyon sa yo:
- Èske w te fè eksperyans nenpòt nan sentòm ki nan lis ki anba a nan 48 èdtan ki sot pase yo?
- lafyèv oswa frison
- nouvo ou ineksplike kòmansman tous, souf kout, oswa difikilte pou respire
- nouvo oswa san rezon pèt nan gou oswa sant
- nouvo doulè nan misk oswa san rezon
- Èske w izole paske w te teste pozitif pou COVID-19 OSWA ou malad epi sispèk ou genyen COVID-19 men ou poko gen rezilta tès la?
- Èske w te ekspoze a viris ki lakòz COVID-19 la nan 10 dènye jou yo?
- Eske ou te vwayaje entènasyonalman nan 10 jou ki sot pase yo?
Si repons lan se wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, moun sa a pral teste. Anplis de sa, yon moun ka fè tès la selon diskresyon founisè swen sante lokal li a si yo pa satisfè kritè ki anwo yo.
Pou jwenn yon sit tès COVID-19, klike isit la.
Pi bon fason pou evite maladi a se evite ekspoze nan viris la (epi evite ekspoze lòt moun). Men kijan:
- Vaksen yo se zouti ki pi efikas pou pwoteje sante w epi anpeche maladi a gaye.
- Pratike distans sosyal.
- Mete yon mask twal nan figi ou lè ou nan piblik.
- Lave men ou souvan.
- Evite manyen zye, nen ak bouch ou.
- Kouvri tous ak lè w ap etènye.
- Netwaye epi dezenfekte sifas “moun manyen anpil yo”.
Gade plis enfòmasyon sou fason pou evite COVID-19 ak fason pou prepare pou li.
Tan ant lè ou te ekspoze nan viris COVID-19 ak kòmansman sentòm rele peryòd enkibasyon.” Anjeneral Peryòd enkibasyon pou COVID-19 se 2 a 14 jou, menmsi li ka pran plis tan nan kèk ka.
Si w enkyè paske w santi w te ekspoze ak viris la ak eta sante w, al fè tès pou KOVID-19 la nan yon lokal yo fè tès ki toupre lakay ou.
Yon pwofesyonèl swen sante pran prelèvman respiratwa (nen ak gòj) epi li voye yo nan yon laboratwa prive oswa nan youn nan laboratwa sante piblik eta a pou tès pou COVID-19.
Pou teste pou COVID-19 yon lòd yon pwofesyonèl swen sante ka obligatwa. Pwofesyonèl swen sante ou ka swa pran yon echantiyon pou teste nan klinik li oswa pou bay yon lòd pou jwenn tès la nan yon lòt kalite sant tès. Kèk sant tès egzije yon lòd yon pwofesyonèl swen sante, epi pou yon randevou pwograme davans menmsi gen yon kantite sant k ap fè tès la kèlkeswa sentòm yo oswa san randevou.
Se kominote lokal yo ki deside ak planifye sant yo ki bay tès pou COVID-19. Ouu kapab jwenn sant tès Leta yo la a.
Lot enkyetied pou sween sante
Wi, ou ta dwe kontakte pwofesyonèl swen sante ou tankou ou ta fè nenpòt lòt moman. Ou pa ta dwe kite tan pase pou chèche swen medikal si ou gen enkyetid sou sante ou, men rele pwofesyonèl swen sante ou anvan ou ale nan klinik li.
Si nou gen enkyetid konsènan vizit nan klinik doktè ou, poze kesyon sou sèvis telehealth yo ka ofri. Klinik doktè ou ka poze ou kesyon sou tès depistaj, limite kantite moun ki kapab vini nan klinik la nenpòt lè, epi li ka entwodui lòt pwosesis pou kenbe ou an sekirite.
Deklanchman COVID-19 bay anpil estrès pou pifò moun. Laperèz ak gwo-gwo enkyetid konsènan yon maladi kapab lakòz gwo emosyon sou adilt ak timoun. CDC ofri resous sou fason pou siviv avèk estrès ki antoure OVID-19 ou kapab jwenn la a.
Treatment Options
Pfizer’s Paxlovid ak Merck’s Molnupiravir, se konprime kont viris (tretman w ap pran nan bouch) ki otorize pou moun ki gen sentòm COVID-19 leje oubyen mwayen. Tretman kont viris sa yo disponib sèlman avèk preskripsyon e yo ta dwe kòmanse yo osito ke posib aprè yo fin dekouvri COVID-19 la, e senk jou aprè sentòm yo parèt. Moun ki kalifye yo dwe kontakte founisè swen sante yo pou ka konnen si opsyon tretman sa bon pou yo.
Pfizer’s Paxlovid ak Merck’s Molnupiravir, se konprime kont viris (tretman w ap pran nan bouch) ki otorize pou moun ki gen sentòm COVID-19 leje oubyen mwayen. Tretman kont viris sa yo disponib sèlman avèk preskripsyon e yo ta dwe kòmanse yo osito ke posib aprè yo fin dekouvri COVID-19 la, e senk jou aprè sentòm yo parèt. Moun ki kalifye yo dwe kontakte founisè swen sante yo pou ka konnen si opsyon tretman sa bon pou yo.
Pou kalifye pou pran Paxlovid ou dwe:
- Gen 12 lane oubyen plis.
- Gen yon rezilta tès pozitif pou COVID-19.
- Gen gro risk pou malad grav akoz COVID-19, sa gen ladan l pou etène lopital oubyen mouri.
Molnupiravir pa rekòmande pou fanm ki ansent oubyen k ap bay timoun tete. Pou kalifye pou pran Molnupiravir ou dwe:
- Gen 18 an oswa plis.
- Gen yon rezilta tès pozitif pou COVID-19.
- Gen gro risk pou malad grav akoz COVID-19, sa gen ladan l etène lopital oswa mouri.
Tretman antikò monoklonal yo ka preskri pa founisè swen sante yo bay moun ki gen 12 an oubyen plis ke yo te dekouvri ki gen KOVID-19 e ki te ekspoze ak moun ki gen KOVID-19 e ki gen gro risk pou gen maladi grav epi etène lopital.
Ou pap peye lajan pou tretman antikò monoklonal la. Lokal Eta Florid yo pap refize bay okenn moun sèvis paske l pa ka peye depans administratif yo. Sepandan, yo ka voye fakti bay asirans lan si genyen.
Pasyan ki riske anpil yo dwe pran tretman pi vit ke posib aprè yo fin teste pozitif ak COVID-19. Egzanp kondisyon medikal ki ka poze yon pi gro risk pou devlope maladi grav e ki kapab benefisye de tretman sa gen ladan, men ki pa sa sèlman :
- Laj ki pi gran (65 lane ak pi gran)
- Moun ki twò gro
- Maladi ren kwonik
- Moun ki fè maladi sik
- Moun ki ansent
- Maladi oubyen tretman ki elimine repons sistèm iminitè
- Maladi kè ak veso san an pase yo
- Maladi poumon kwonik
- Maladi anemi falsifòm
- Pwoblèm nan devlopman sistèm nève a tankou paralizi nan sèvo
- Ki gen depandans teknolijik medikal tankou pou jwenn lè pou respire oswa pou manje nan vant
Vaccines
Florid gen anpil sit k ap bay vaksen gratis COVID-19.